Twou vid ki rete nan kè

Sa fè mal lè n gade nou wè pa gen anyen ki egal,tout bagay chanje,nou manke enèji,souri,pa gen anvi poun kontinye,kit ou vle,ou pa vle tan se pase lap pase pandan je nou plen ak dlo Kè nou fin akable ak move gou lanmou,ak tan nou fache ak lavi,pou tout pwoblèm nou genyen,nou santi lavi a tounen yon agoni pou nou jann wè ane yo ap pase a,wi se sa paske li enposib pou tan kanbe.

 

Li enposib tou pou n wè jann tap vire nan tan ki pase yo pou jodi a nap mache san fòs,chagren,san rèv, san dezi, san
enèji ak lespri n tris.Chak tan nap mande Bondye pou pwoteje nou, pou beni nou, pou kouvri nou ak manto l,epi ranpli n ak lanmou l

Pa gen lòt chwa ke aksepte pase kise nwit blanch, je fikse nan fènwa, panse, anvi pou yon tan enpekab,men vi a se konsa jodi a li souri baw demen ou pa wè kote souri a pase,li ale tankou van.

 

Souvni, bagay yo te di epi yo pa di, silans, eksperyans,santiman ak lanmou,gendwa jodi a wap sonje tout bagay sa yo kite antoure w,lanmou sa kite tou vid nan kè w,ou gendwa santil la toujou,pa bliye se yon bagay pase kite l ale pouw ka byen ou menm,konbyen soupi ki sòti nan kè w ,konbyen frajilite sou po ak kò w tout bagay pase,men kè a rete la.Gen bagay ki pa di,gen ekplikasyon ki pa bay,santiman ki rete an silans,souvni kè a genyen,pawòl ki pa rive sòti nan bouch.
Se konsa lavi ye,lavi ap pase,tan pase,men santiman rete entak nan kè a pou toujou.