4 Rezon pou bay san

Ou pa oblije doktè,enfimyè pou sove vi yon moun,ou gendwa lakay ou epi wap sove vi

1.Poukisa w chwazi bay san volontè?

Bay san se yon bèl jès,kote ki pwouve ou pa egoyis,anvi pou souve yon lòt,volonte pouw dedike 30 minit sanw pa pè sak ka rive apre,sou chak 10 moun 9 ladan yo bezwen san,nan yon moman nan vi yo.

2.Ki moun ki ka bay san?

Nenpòt moun ki gen bon sante ki gen plis pase 18 lane ak pi piti ke 65 lane,moun ki responsab pou pran san gen kèk egzamen lap fè pou wè si moun nan ka bay san epi san sa yo pral analize pou verifye sil pa gen maladi ladan.

 

3.Konbyen tan li pran pou bay?

Se yon bagay ki pran 15 minit,apre sa yap baw yon bagay pouw bwè ak sa pouw fè apre sa,tankou bwè anpil likid,pa pote bagay lou,pa fimen pandan yon bon titan.

4.Bay an sekirite

Se yon gwoup doktè ki responsab pou fè pwosesis la,tout sa yo itilize yo esteril.Li enposib pou nenpòt ki kalite maladi transmèt pandan pwosesis la,Anvan pwosesis la moun ki responsab yo ap asire ke donatè a satisfè ak tout egzijans epi pap gen okenn risk.

Ou eseye fè don sa deja?