Engratitid nan timoun

Pou paran ki soufri anpil epi ki toujou fè efò poul bay pitit li bon egzanp,pafwa yo menm bliye pwop vi yo pou yo ka mete timoun yo nan bon chemen,yon timoun ki engra vin bay doub doulè.Sa fè mal wi lè yon timoun engra.

Pa gen paran ki pafè,men depil gentan pòt non papa ak manman yo fè tout sa yo konnen pou yo pi bon paran an,menm si pafwa se manman yo ki pase pi move moman nan kay la,ak tout sa yo toujou konsidere pitit yo yon jan enkwayab,yo chouchoute yo,tolere yo,pa gen moun ki ka ekplike lanmou yon manman.

Pafwa yon konn panse yo fè tout bagay byen,pa bliye nou se lòm ap toujou gen fay.engratitid se yon bagay ki pwovoke anpil doulè sitou si se yon timoun kap bay pwoblèm sa.Nenpòt pawòl fè yon paran soufri anpil depi l mal paske sa ap voye yo al panse kijan yo lite pou ou,gen paran ki fè sakrifis yo pa ta dwe fè pou pitit yo,men lavi a pa janm vini jan yon moun reve l,toujou gen sipwiz

 

Paran yo sèvi ak resèv,pa bay timoun yo tout bagay lè yo bezwen l,nou dwe aprann yo enpòtans chak ti bagay genyen,depi lè yo piti aprann yo lavi a pa woz,menm yon sirèt se travay pou w travay di pou jwenn li.Pa pe rakonte yo mizè ou pase ak yo

Yon timoun ki engra dwe konprann pafwa paran konn retire pen nan bouch li poul ba li,se pa tout fwa lavi a bèl,si lavi a woz pou yo jodi a se gras ak pil sakrifis ou yo.
Pa gen paran ki gen pouvwa majik,gen paran kap travay,aprann timoun yo pou yo responsab,si pitit ou a piti toujou ou gentan pouw chanje jan wap edike l la,pou demen li trete w ak anpil atansyon