Rezon ki fè fanm rete nan yon relasyon difisil

Poukisa malgre tout soufrans sa yo,medam yo rete ak nenpòt moun ki pa bay yo yon ti kal valè ak respè? Ki rezon ki fè medam yo deside rete nan yon relasyon tanpèt?
Gen anpil rezon pou yon fi ta deside abandone yon relasyon tankou:abi,enfidelite,vye mo,manke lanmou ak respè,elatriye,men gen anpil fi malgre sa yo rete atache ak moun yo,sipòte ak anpil doulè li gen pou li.

Rezon kife medam yo paka kwaze relasyon yo ak tout yap mal pasel?

Li gen santiman koupab
Pafwa medam yo toujou panse se yo ki responsab yon bagay kap mal pase nan relasyon an oubyen mesye a toujou ba yo responsab tou,yo panse nèg la twonpe yo paske gen fay nan kèk bagay,pa bliye gason toujou ap chache menm sil marye pa gen rezon pouw bay tèt ou to pou anyen,si se pou koupab nou tou de koupab.

 

Yo pa vle kite moun nan ale
Gen anpil fi menm si yo pa vle moun nan yap fè resistans yo kenbe l la yo pa vle l ale,pafwa yo konn jwenn abi fizik ak emosyonèl yo pa janm gen fòs toujou pou di moun sa orevwa,li toujou pi bon pou w lage l anvan l twò ta.

Pou pè “sa yo pral di”
Anpil fi pa bay vag paske yo pè sa moun nan pral di sou yo,reyaksyon fanmi ak zanmi,li pè tou poul pa santil mal,yon moun viv yon sèl fwa,li tap bon siw viv lib epi byen,lavi twò kout pouw ap panse ak sa lòt yo pral di sou ou.

Laperèz pou echèk
Se yon lòt bagay ankò ki fè medam yo pa vle bay vag nan yon relasyon tanpèt,sa yap gade nan fim,fyeton oubyen yon bagay ki pase yo konnen kèk moun ki kite relasyon yo apre yo regrèt sa vin afekte yo tou,pe pou nouvo relasyon yo a pa pi mal ke sa.
Pou zanmi
Pi souvan yo konn gen menm gwoup zanmi ak patnè yo,si relasyon an kraze,yo konn pè pèdi zanmi yo gen an komen an,sa konn di anpil pafwa pou rekòmanse yon nouvo vi pou kont li,san zanmi ak mennaj.