Kijan pou evite dezidratasyon?

Jan nou diw la dlo se prensipal eleman kò a.Li esansyèl pou lavi,paske li enpòtan pou devlope fonksyon vital òganis lan.Li enpòtan pou n toujou bwè anpil dlo pou anpeche dezidratasyon ki pwodwi lè likid la elimine plis pase saw konsome ak anpeche”ACV” epi diminye chalè.

Pou evite dezidratasyon,fè atansyon ak sentòm sa yo:
Ogmante swaf dlo
Bouch sèch
Feblès
Maltèt
Vètij
Etoudisman
Kè plen
Palpitasyon
Konfizyon
pipi konsantre

 

 

Rekòmandasyon itil pou yon idratasyon
Toujou mache ak yon boutèy dlo pou w bwè
Ogmante yon vè dlo nan kantite w konn pran chak jou a
Lè wap fè espò,li bon pouw idrate w anvan,padan ak apre sa
Oufri dlo ak moun ki antoure w pouw ka pwoteje yo tou
Dlo pa gen kalori,ni bagay ki pou fèw mal,bwè dlo ka ede w twò gwo ak evite lòt kalite maladi