Kijan pou anpeche maladi serebrovaskilè”ACV”?

Nan peyi Ajantin gen preske 130,000 ka chak ane.Maladi sa pwodwi kòz san manke sikile nan sèvo a,akòz blokaj oswa veso sangen yo detwi.Lè pati ki afekte nan sèvo a pa resevwa ase oksijèn,li kòmanse mouri.Gen 2 kalite atak sak pi komen an se “Iskemik”lè atè a bloke ak san.Lòt la se emorajik,ki lakòz veso sangen nan sèvo a detwi.Li afekte plis fi ke gason 6 sou chak 10 fi fè maladi sa.Pafwa moun nan gendwa te sibi yon atak deja,yon fanmi l te fè l,tansyon,dyabèt,zik,maltèt,obezite,maladi respiratwa nan manke dòmi ak estrès.Maladi sa plis afekte moun ki gen pase 50 lane,men nan denyè tan sa yo li ogmante nan jèn adilt yo,sitou nan adolesan kap plede bwè alkòl,pran tabak ak dwòg, espesyalman bagay yo pran pou eksitasyon.

Kijan w ka anpeche l?
Gen kèk aksyon ki ka diminye l ak anpil chans pou w pa soufri l.

Sispann fimen
Kontwole tansyon w chak tan
Kenbe yon nivo sik,kolestewòl nòmal
Reyalize 30 ak 40 minit egzèsis fizik chak jou,ou ka mache,kouri,monte bisiklèt, danse, koupe zèb, monte ak desann eskalye, atistik oswa fè nenpòt kalite aktivite ki jenere mouvman kò a.Manje plis pwason anba fou oswa griye

Mete plis grenn, sereyal ak fib nan rejim alimantè
Evite travay estresan
Pran yon titan pou tèt ou,li te mèt pou voyaje oubyen jwe boul
Fè yon rejim ki pa gen anpil grès ak sèl,li enpòtan yon konsomayon nan fwi ak legim