Mwen vle po m swa,kisa pou m fè?

Nou rekòmande w prepare pwodwi natirèl sa yo lakay ou se pou siw pa gen anpil kòb pouw achte,poutan gen bagay ou ka fè pou jwenn solisyon ak saw gen nan kizin ou san depanse yon goud.

Eseye fè pwòp remèd, mask,èksfolyan ak krèm lakay ou.Siw bezwen yon po swa,lis ak sante nou rekòmande pou itilize remèd kay pou kenbe kò w byen.
Lwil oliv, kawòt, pòmdetè, sik krèm ak savon likid pou kò
Blende yon bout kawòt byen fen,mete kawòt blende a nan yon asyèt,graje yon bout pòmdetè ,mete 5 kiyè zik krèm,mete yon ti savon likid,siw se yon moun po w sèk anpil ou ka mete bon kantite lwil oliv,si non jis mete yon kiyè lwil oliv.

descarga (1)

Melanje tout engredyan sa yo ansanm epi pase yo sou ou byen pandan wap bay yon masaj sikile,apre 5 minit rense ko w ak dlo sèlman

Pòm ak jelatin san gou
Kale pòm nan,blende l byen fen apre sa mete 2 sachè jelatin san gou ladan,chofe l pou 15 segond oubyen jiskaske li likid,apre sa mete l nan frijidè pou 15 minit jiskaske li parèt jelatin epi andan likid.lèw fin benyen rense byen seche kò w epi pase l sou kò ak figi w,kite pou 15 minit apre sa rense l ak dlo.pou fini pase krèm idratan.
Nou espere wap eseye ti remèd natirèl sa yo,konsa wa gen yon bèl po.

gelatin-1