Kisa manje ansante vle di?

Manje se yon bagay basik pou lòm,se yon aktivite fanmi ak sosyal ki enpòtan.Nan chwazi manje ak òganize l sa antre nan istwa kilti manje,anviwònman, gou ak chwa chak moun.
Li enpòtan pou yon moun chwazi manje vejetal tankou sereyal,legim ak fwi,ou ta dwe manje bagay ki pa gen anpil grès ak vyann blan.Epi, ou ta dwe kontwole konsomasyon nan grès,sik ak sèl.Anpil fwa move enfòmasyon ak move abitid ki fèn paka chwazi manje ki bon pou nou ki ka rann nou malad.

cook-2364221_960_720

Li enpòtan pou n antre abitid sa yo nan vin tankou:
Manje dousman:sèvo a pral resevwa tout siyal chimi ak vizyèl sa pral ede w manje mwens ak dijere pi byen.

Manje 4 a 5 fwa pou chak jou
Evite manje ti goute ke manje prensipal
Pa manje siw pa grangou
Pa manje pou ansyete(nou manje sa nou jwenn san rann kont se malèz lap pote pou kò a)
Chwazi sa wap manje yo byen,gen 6 gwoup eleman nitritif òganis lan bezwen(dlo, pwoteyin, grès, kabòn, vitamin ak mineral).

Bwè anpil likid
Evite bwason atifisyèl
Menm si gen bon alimantasyon,toujou sonje fè ti espò tankou mache,kouri,monte bisiklèt,egzèsis la ap benepfis pou kò a,anplis li diminye tansyon epi elimine grès,li ogmante kapasite poumon an,tonifye misk yo.

8-Worst-Foods-for-People-Suffering-with-Hypothyroidism-1