Eske pafwa w konn santi w manke enèji?

Siw pran 30 minit pou rive dòmi sa se yon siy ki montre ou pa dòmi ase.Gen lòt bagay toujou ki vòlè enèji w,ou pa dwe pase sou sa

Pratike bagay sa yo,wap wè jan wap santi w mye
Ri
Souri redwi estrès pandan wap libere omon kap fèw santi w byen anplis lap amelyore sistèm iminitè w

Motive w
Pa gen moun ki parese jis genyen ki pa gen objektif enpòtan sa vle di objektif la pa enspire yo,ou pa fatige jis ou manke enèji piske w pa gen yon bon motivasyon sa.

Bwè dlo
Siw pa bwè anpil dlo sikilasyon w pap menm jan,lap redwi misk yo pral gen mwens oksijèn.Pran desizyon pouw bwè yon lit dlo pou pi piti chak jou ,bwè anpil dlo padan wap fè egzèsis konsa wap rete idrate.

Desitirè kèk manje
Siw wè chak fwa w fin manje kalite manje sa se li ki fèw mal pou dòmi pa kontinye manje l,ou dwe konn ki manje ki pa fèw byen,ou dwe sispann manje l epi ranplase l ak lòt bagay.

 

Konsome fè
Fè ka baw plis enèji paske lap transpòte oksijèn nan tout kò a,ou ka jwenn fè nan manje ki rich ladan tankou pwa,vyann wouj,elatriye

Sòti
Ou rete andan kay twop li lè pouw bouje ,anpil etidyan ki sòti pou pran 20 minit santi plis enèji ke anvan,limyè solèy la ede aktive sewotin yon òmòn ki ede amelyore lide ak ogmante nivo enèji.

Domi 6,8 èdtan chak jou
Si wap plede dòmi nan klas,nan travay sa vle di gen yon bagay ki pa mache,nivo enèji w ba ou bezwen dòmi byen pouw ka bay bon sèvis nan tout sa wap fè.