Saw panse sou jalouzi?

Lè nap pale sou jalouzi,nou pap pale sou yon sèl santiman.Jalouzi se yon seri santiman ak atitid ki parèt lè n santi nou vle pèdi yon bagay ki enpòtan pou nou tankou:lanmou,imaj sosyal, pwofesyonèl, pouvwa, elatriye.Le n wè san merite ak bezwen nan fanmi,zanmi,patwon travay se lòt moun yap bay yo,nou jis bezwen tan, konpayi, atansyon ak lanmou.

Jalouzi parèt nan relasyon koup,lè moun nan wè relasyon l ap menase,menas sa gendwa reyèl oubyen li panse l
Kèk nan emosyon ki ka akonpaye yo se:

Laperèz
kòlè
Anbisyon
Doulè
Imilyasyon
Rayisman
Ensekirite
Mefyans
elatriye

 

Konsènan atitid, nou ka jwenn:
Konparezon ak lòt moun
Toujou ap bay tèt li tò
Li janm panse lap rive fè sa
Toujou konsidere l viktim nan tout bagay
Posesif
Atitid vanjans
Renmen kritike lòt moun

Jalouzi ka parèt sou plizyè jan,siw santiw gen youn nan bagay sa yo kouri deyè l,pa bliye aprann apresye epi renmen w janw ye a,epi aprann gen konfyans nan patnè w konsa lavi a ap pi senp.