Konsèy pou cheve boukle

Nou gen kèk ti konsèy pou cheve boukle ou yo ka pi bèl toujou.
Kenbe cheve w pwòp ak an sante,fè mask pou cheve sèk yon fwa chak semèn.Plis cheve yo sèk,yap parèt pi gonfle
Demele cheve yo ak yon peny gwo dan,lè yo ak rens ou ka penyen yo kouw fin lave yo ak krèm oubyen tou trese yo ak rens lan,rense yo konsa.

Kite cheve yo sèch natirèl,pa itilize chechwa pou w fè sa
Yon fwa chevew sèch pa touche l,sa vle di pa bwose l
Siw swiv lèw fin dòmi cheve w marye,yo vin pi gonfle,itilize yon bone saten,anpil moun di li ede yo
Apre jou w fin lave cheve yo,an demen mete dlo nan yon ti po flite yo,apre sa pase sewòm oubyen lwil natirèl pou fè yo briye

people-2570416_640

Pa koupe anpil cheve,jis pwent yo,sanw pat vle ou ka rive koupe anpil cheve paske se pa menm jan ak yon cheve swa
Pou varye look la toujou mete krèm penyen pou defini bouk yo oubyen trese yo,kite yo sèch apre wa detrese yo
Pase lwil chak 2 jou ladan yo,konsa yap toujou idrate.
Si chevew sèk anpil lavel chak 15 jou

people-2575901_640