Remèd natirèl pou depresyon

Gen anpil bagay ki ka rann yon moun gen depresyon tankou:presyon lavi,estrès,etid elatriye,nan jou sa yo moun yo enkyete plis pase lontan,gen moun kita renmen pou yap vire jan teknoloji ye a,men pa bliye chak moun gen jou pouw rive nan lavi a,pran bagay yo dousman.Gen kek remed natirel ki ka ede w ak maladi sa.
Vitamin D:Sa nan manje tankou ze,nou ka pran tou nan soley

Egzèsis:Fè egzèsis bay yon reyaksyon enkwayab nan sèvo,kap moun nan pwodwi serotonin.Se yon omon ko a libere nan moman enkyetid ak lapenn.Menm sil 30 minit pa neglije fè egzèsis chak jou.

 

Asid folik:kalite vitamin sa wap jwen li nan manje tankou epina, bwokoli,zoranj,leti,pwa,elatriye

 

Evite izole tèt ou:yon lot bagay anko ki bay depresyon se lè yon moun chwazi retire kol nan sosyete aou met fè saw vle ou pap janm rive viv pou kont ou,pa boure tèt ou ak lide negatif kotew wap rete lwen tout bagay kite ka ede.
Limye solèy:lèw fè yon titan nan solèy,li baw vitamin D.Li enpòtan anpil pou atitid.