Enpòtans kalsyòm pou fi

Lè yon fi pa pran anpil kalsyòm nan sa lap manje,ko a absòbe kalsyom ki nan zo yo,nan yon tan lap vin fèb,li ka gen osteyopowoz.Maladi sa ap fè zo yo vin feb anpil,kote yo ka rive kaze.Kantite kalsyòm yo fi 19,50 lane,sent menm sil ansent dwe pran chak jou se 1000 miligram.Pou adolesan jiska 18 lane se 1300 chak jou,kantite klasyòm yon fi bezwen rete menm jan anvan,nan gwosès ak apre gwoses.

Pandan de dènye trimès gwosès la ak peryòd alètman,ko a absòbe plis kalsyom nan manje yo ke lè w pat ansent.Bebe a bezwen plis kalsyòm poul ka an sante epi pou dan ak zo yo devlope byen.Si ou pa jwenn silfat kalsyòm nan sa wap manje pandan gwosès la,kalsyòm timoun nan bezwen an lap pran l nan zo paw.

Malerezman anpil fi pa jwenn kantite kalsyòm pou yo pran chak jou a,yo pa menm rann kont menm,pi fò miltivitamin anvan akouchman pa mnem gen yon tyè nan kantite kalsyòm yo rekòmande chak jou a.

 

Konsèy
Pou chwazi ak pran kalsyòm:Gade si etikèt la gen kantite kalsyòm pouw pran nan jou a,Kabonat kalsyòm nan bay kantite eleman nan kalsyòm,asid laktik,epi li fasil pou kò a absòbe.

Pran kalsyòm pandan wap manje,konsa wap mete l nan woutin ou chak jou,kò a gen kantite kalsyòm li ka resevwa nan yon sèl okasyon ki se 600 miligram,wap bezwen pran kalsyòm nan plizyè fwa nan jounen an.
Mete konprime kalsyom ou plizyè kote tankou:nan kizin,salon,chanm,machin,kote ou plis sèvi nan kay la,konsa lap sou je ou pap bliye

Pa achte konprime kalsyom ki gen”bone meal”paske yo ka gen pwodwi sa yo plon, mèki, asenik ak lòt sibstans ki toksik.