Konsèy pou kòmanse yon nouvo relasyon

Rekonsilye ak Bondye,anpil fwa nou panse pwoblèm nan se nou menm oubyen se fòt moun nou avèl la,li difisil pou nou panse si se yon pwoblèm ki genyen nan relasyon nou ak Bondye.Ou paka kòmanse yon nouvo relasyon ak lonbraj asyen mennaj nan kew,li ka yon doulè,ou pa padonel.Padone tèt ou anvan apre viv diferan li touche bon pouw goute lòt vi a.

 

Sekirite ou:Pandan tan sa ou fè pou kòw la,pouw te ka konn tèt ou byen,fòw fè nouvo zanmi,ekplwate nouvo bagay ou santiw gen andanw reprann konfyans nan tèt ou.Sonje siw pa renmen tèt ou,ou pap janm rive renmen okenn moun ankò.

 

Egzijans ou:Ak tout ekperyans sa ou genyen an, pa bliye ouvè liv ou,pouw ka di nouvo moun ou gen nan viv la men kòmanw vle pou relasyon an foksyone,saw vle ak sa wap atann.

 

Limit ou:Se pouw mete limit yo anvan se yon bagay personèl li ye se ou ki pou konn saw vle ak saw pa vle se pa moun ki pou deside pouw lè konsa limit lan ap kraze,ou fenk sòt nan yon relasyon nou rete kwe ou konn saw vle,li enpòtan anpil pouw di sa depi nan kòmansman pou pa gen sipriz nan mitan.

 

 

Pè ou yo:Li posib pou jiskounyea ou santiw mal pou sak te pase a pa fè nouvo mennej ou a peye pou sa ap vin yon injistis

 

Pasew:Pran nòt de sak te pasew la pou menm erè a pa repete,nouvo relasyon sa se yon opotinite pouw viv yon lòt lanmou nouvo ki merite yon istwa depi nan kòmansman.

 

Endepandans ou:Gendwa w panse konsèy sa pa itil nan nivo ou rive a men nou fèw konnen pigaw janm bliye menm pou yon segond kew bezwen endepandans ou.
Lanmou ou:Kisaw aprann de lanmou ou? ebyen nan nouvo relasyon sa,degajew pouw konnen valè lanmou oubyen ou renonse ak tèt ou siw pa vle fè efò pouw bliye pase ki pap janm retounen menm pou yon minit.