Elimine pò ki ouvè nan figi w nan sèlman 3 jou

Nan atik sa wap jwenn 3 pa pou elimine pò ki ouvè nan yon titan,remèd lakay yo fasil,ekonomik ak efikas
Se yon metòd 3 pa pou 3 jou,pou amelyore aparans po a

1.Vinèg pòm
Engredyan
5 gwo kiyè vinèg pòm
2 tas dlo
Kijan pou w itilize l?
Mete melanj lan nan yon boutèy ou ka flite
Lave figi a ak savon senp
Flite dlo a nan tout figi w epi kite l sèch
Apre sa pase krèm idratan ki gen lwil kokoye
Poukisa lap ede w?
Vinèg pòm nan ap fèmen pò yo,lap kenbe estabilite nivo Ph po a ak anpeche enfenksyon

apples-1008880_960_720

2.Blan ze
Engredyan
1 ze blan
2 gwo kiyè farin avwàn
2 gwo kiyè ji sitwon òganik fenk pire
Kijan pou w itilize l?
Melanje engredyan yo pou fè yon mask
Mete mask la nan figi w pou 30 minit
Apre rense l
Poukisa lap ede w?
Blan ze a ka parèt yon jan raz pou ou,men li gen 2 bagay esansyèl kise pwoteyin ak kolajen ki bay anpil rezilta ka moun kap bay tèt yo pwoblèm pou pli,enflamasyon sou po.Pwoteyin ki gen nan blan ze a ka repare ak kenbe elastisite po a,ki ka diminye aparisyon pri

the-broken-egg

Jèl lalwa idratan pou lannwit
Engredyan
Jèl lalwa òganik
Kijan pou w itilize l?
Mete jèl la epi fe yon ti sòti
Lave figi w lè w leve an demen
Poukisa lap ede w?
Yon etid dekouvri itilizasyon jèl lalwa redwi nan vyejès po a,li ka amelyore elastisite po a ak ogmante kolajen nan 90 jou.jèl lalwa rajeni po a epi netwaye pousyè tè ak lwil ki bouche po yo.
Ou ka fè sa 2 fwa nan yon mwa,lap ede w kenbe po a pwòp,lis epi kenbe l klere