Anvan gwosès sam dwe fè?

Pou ekperayns sa ansante epi tann timoun sa ak trankilite,ou bezwen kèk bagay ki pou ede w prepare

Abandone estrès
Lè fi pral ansent estrès anvayi yo,sitiyasyon estrès ak tansyon afekte etap fegondasyon an,poutèt sa yo rekòmande pou moun nan pratike egzèsis,meditasyon ak yoga.

Reflechi ak mari w
Chita pale ak moun ki pral papa timoun nan,eske nou tou 2 vle gen timoun? se pa toutan 2 moun prepare pou yon timoun se yon pwosesis natirèl,li bon pou n chita pale poun wè kijan nou pral prepare pou n resevwa timoun sa a.

Asid folik enpòtan
Kalite vitamin B sa bon pou anpeche pwoblèm grav tankou maladi nan sèvo,amelyore manje yo nan legim,vejetal,sereyal,zoranj,elatriye

Embarazo2

Fè atansyon ak pwa kò a
Yon gwosè nòmal pi bon pou resevwa ansent,lè moman akouchman rive moun nan ap pi fò pou pouse,twò gwo a,anplis li se yon obtak anmenmtan li ka kòz maladi pandan gwosès la tankou tansyon wo oubye sik.

Espò
Tout aktivite ede kenbe yon bon sante,emosyonèl tankou fizik,si yon moun pratike espò lap jwenn anpil benefis,amelyore atitid ak ede kontwole estrès ak dòmi byen.

Kesyon Ekonomik
Sa yon bagay ki enpòtan,siw pa prepare pou yon timoun ekonomikman li tap pi bon pou w fè yon ti tann,paske timoun nan pa bezwen pase oubyen pa jwi menm bagay ak ou,tout bagay dwe fèt ak kalm,san prese.