6 règ ou ta dwe swiv pou ranje kwizin ou

Pou anpil nan nou reyalite a diferan,nan kizin nan gen anpil bagay,men eske nou sevi ak tou?eske tout itil nou?men nou pa dwe konsa,jwi lavi a senp,ranje kwizin se yon kesyon pratik ak reyalis.Nou pral diw sa pou w fè.

Reflechi sou sa ou itilize pi plis la
Kizin nan dwe travay pou ou,se pa ou ki pou ap travay pou li poutet sa li pa enpòtan pou w kite asyèt,chodye,tas,gode, eltariye ou pa sèvi deyò,chak tan pou wap lave yo ke wap janm sèvi ak yon jou.Ranje kizin nan,mete tout saw pa sèvi yon kote epi kite sèl saw bezwen yo,byen ranje yo.Egzanp si w renmen te,kreye yon kwen pou tas,te,ak kiyè pou w braze l.

 

Di orevwa ak tout asyèt sa yo
Ou konnen byen ou mete twòp asyèt deyò,ke nou sèlman 4 moun n
an kay la,anpil nan nou gen tansdan akimile tas,kouve,asyet nou pa janm sèvi ak yo,menm sil yon mosso kraze li la toujou,achte bagay mezi pou ou ak fanmi w.E si mwen gen yon fet?se eskiz sa ki pi komen pou anpeche nou debarase ak tout bagay sa yo,siw gen yon fet wap achte asyet plastik sevi moun nan fet ak fayans se kraze yo pral kraze ou konn sa byen.Gen solisyon ou ka pran,rele vwazin nan,mandel sil pap achte,oubyen fe fanmi oubyen vwazin kado l.

 

Mete manje a sou je
Ki moun sa pa pase,wal achte bagay pou fe manje apre sa ou bliye epis la nan plaka,sa ka rive lew achte twop oubyen w fina chte ou pa fe manje sa anko.Men siw te gen tout bagay sou je,ou gen espageti ki ouvri nan bifet la?pran yo mete nan po fayans,ou ka konseve espi an poud nan po sa yo tou konsa wa ranje yo sou liy,ou pap bliye anyen nan le wal nan bifet la.

Pa sere tochon ki pa bon
Gen tochon,tabliye ou pa menm bezwen yo anko,men ou sere tout,mete yo nan yon poubel wap we note kizin nan,le kay la leje li pi bon toujou,kizin pa kote pouw neglije,li ka menm jan ak salon w lan.