Eske w prepare emosyonèlman si yo atake sou rezo sosyal?

Jan ou diw la chak moun itilize rezo sosyal pou yon bagay,gen lòt se sèl yon vizit yo bay.Se pa tout fwa yo pozitif,pafwa gen moun ki agresif anpil sou li,nou menm konn jwenn moun kap joure lòt,pran foto moun fè lòt paj pou mande lajan.Siw se yon moun ki konn jwenn yo diw vye pawòl sou rezo sosyal fòk ou konn kijan pou w jere sa.

 

Ou dwe konn kijan pou w jere yon sitiyasyon delika tankou:Kijan pouw reponn ak atak sou rezo?Travay sou entèvansyon nan sitiyasyon konfli ak estrateji emosyonèl?Eske w konn kijan pou jere kominote w la?

 

 

Li itil anpil lè itilizatè fè kòmantè ofansif,derespektan oubyen devalorize biznis ou,konpayi w,konsa menm tou,pito w konn ak kiyès ou annafè ke moun nan ap souri ak ou epi dèyè w lap blaze w.Nan yon mo se bagay sa yo ou dwe itilize pou w ka avanse.

 

Reyalite emosyonèl se youn nan sikonstans ki enfliyanse ak pèsiste kapasite pwòp tèt ou,tandans natirèl pou kominike lè nou pa aktive.Yon moun ki ka kontwole l pa kite emosyon mennen l ale,li jis reflechi epi panse ak sak nòmal poul fè.

 

Nou tout gen yon pefil ki make li ka dosil oubyen agresif,sa pral depan sikonstans ki prezante a,gen ki ka fè n soumi gen lòt ki fen agresif.Ou janm kanpe pou reflechi pou wè si w soumi oubyen agresif nan san wap mete sou rezo sosyal la.

Men kèk konsèy ou dwe konsidere:
Sak enpòtan se konprann chak sa yon moun vle fè pase,pou w ka aplike l nan pwòp mo w
Nan kèk ka ou ka itilize yon teknik diferan
Gen bagay yap di,kap menm gen prèv,li bon pou w chache fòmil ki pi difisil pou w afwonte kek bagay sou rezo sosyal