Jan pou jantil ak pwòp tèt ou

1. Pran kèk tan pou tèt ou.Chak jou ki pase ekonomize yon titan pou ou,fè yon lis,chita pou w ekri yon ti istwa,jwe mizik pou tèt ou fè yon bagay pouw kontan.

2 Remsye tèt ou.Anpil fwa,li pi fasil pou n rekonèt reyalizasyon lòt moun, men li disil poun rekonèt pwòp reyalizasyon pa nou,li lè pou sa sispan aprann rekonèt reyalizasyon w ak bay tèt ou rekonesans.Siw fè yon bagay pou tèt ou,pran yon titan pou w fè lwanj pou sa.

3. Kiltive Defans ou gen andan w lan.Toujou gen yon ti vwa kap pale nan tèt nou,ti vwa sa a prese pou kritike epi toujou pre pou regrèt.

 

 

4. Padonnen tèt ou.Nou tout dezòd.Petèt ou te fè yon bagay nan tan lontan kote w pa fyè de tèt ou.Petèt ou echwe oubyen ou kite yon lòt moun pwofite w.pafwa w pèdi yon bon opotinite paske w te pè oubyen w pa reyalize yon objetif enpòtan

5. Pran bon swen tèt ou.Youn nan fason ki bon pou montre w se yon bon moun se pran swen tèt ou.Dòmi byen, manje fwi ak vejetal,fè egzèsis,gen respè pou tèt ou.

6. Respekte tèt ou.Respekte tèt ou gen anpil valè pou saw ye,pa kite okenn moun abize valè w,gen konfyans nan tèt ou,panse pou ou,fòme pwòp opinyon w ak pran pwòp dezisyon w pa janm konpare w ak lòt moun.

7. Pran swen tèt ou.Siw jwenn yon bagay ou renmen achte l pa kite se moun ki pou achte l pou ou,fè mete l nan papye kado pou ou,pa gade sou moun pou ofri w anyen,tout saw merite achte l pou ou san w pa gaspiye lajan,nan yon sans pa achte bagay ki pa nesèse.Gen yon sèl moun nan mond lan,wap toujou kenbe relasyon ak li moun sa se “Ou menm”li enpòtan pouw kòmanse konnen w se yon bon bagay,janti ak tèt ou.