Ze se pi bon alye pou moun kap kouri

Nou pral diw 5 rezon kote manje wap manje chak jou yo pral chanje.Ze a gen de pati blan ak jòn
Pati blan ki gen pwoteyin,pati jòn nan gen tout kalite eleman nitritif

Pèdi pwa
Ze a absòbe fasil,se sak fè li vin yon gran alye nan moman pou rebati misk ou apre w fin kouri.Anpil etid montre kantite ze yon moun manje pa parèt anpil pou ta aji sou kè a,anplis gen yon pwoteyin ki nan manje sa ki bloke plakèt yo(selil ki responsab koyagilasyon nan san ak anpeche yo akimile sou mi atè yo.

Pou konbat enflamasyon
Li jwe yon wòl enpòtan nan sante sevò a,li gen yon sibstans ki nan gwoup vitamin B,sibstans sa konstwi manbràn selilè a ak jwe yon wòl nan pwodwi siyal molekilè nan sèvo a (san konte lòt fonksyon).Li ede san an sikile byen epi li kenbe l pwòp,li anpeche tout bagay kite ka fèl anfle apre yon egzèsis miskilè.

 

Pou kenbe fòs nan zo yo
Ze se youn nan sous vitamin D natirèl(li enpòtan pou jenere zo)

Pou kenbe je yo
Li gen ladan l yon pigman ki bon pou je,menm si epina,kawòt gen plis,men liteyin ki nan je a absòbe pi efikas,li pwoteje je a kont radyasyon solèy.Se nan jòn ze a nap jwenn pigman sa a.