Transmisyon ak kontajyon sida nan bèt

Yon chat ka pran sida nan mòde,men sa plis rive chat ki nan lari ki pa gen mèt kap goumen ansanm si youn enfekte li mòde lòt la se la maladi a pwopaje.Diferans ki genyen ak sida nan moun seke chat la pa bezwen antre nan kontak seksyèl pou enfekte yon lòt,men lè chat la fè pitit li ka transmèt sida nan alètman.Se poutèt sa fòk ou toujou ap cheke veterinè ak bèt la,sitou siw renmen pran bèt nan lari toujou chache al fè chèk pou li nan ka li ta malad wap konnen,pra mezi pou kontwole bèt la konsa lòt chat pap kontamine

Dyagnostik sida nan chat
Espesyalis la ap fè dyagnostik jan sentòm nan prezante nan bèt la,poul verifye sa,li pral fè tès rèspèktif ki manifeste prezans antikò espesifik kont maladi a.

cat-2882170_640

Tretman Sida nan chat
Pi bon tretman pou sida nan chat se prevansyon,menm jan nou te diw nan lòt atik la pa gen vaksen pou maladi sa,ak anpil atansyon ou bay bèt la nenpòt chat ka gen yon vi nòmal.

Pi bon bagay ou ka fè ankò se ogmante defans ak sistèm iminite chat la,gen remèd kont mikwòb ki ede kontwole enfeksyon oubyen bakteri ki ka atake bèt la,li enpòtan pouw konnen tretman sa yo dwe regilye.Apre medikaman nap bezwen bal bon manje ki pa menm jan ak sa nap manje yo,fòk li gen anpil kalori konsa wa goumen kont deteryorasyon nan chat la.