Kijan pou w devlope konfyans nan tèt ou

Yon moun ki gen konfyans nan tèt li,souvan gen yon opinyon ki pozitif nan tèt li,moun sa ka pran risk pou reyalize objektif li.Yon moun ki pa gen konfyans nan tèt li,gen gwo pwoblèm pou reyalize objektif li,epi byen souvan li gen yon opinyon negatif nan tèt li,sou sa l dwe reyalize nan lavil.Bon nouvèl la se ke ou ka devlope konfyans nan tèt ou siw pa genyen!

1.Kiltive bon atitid
Idantifye panse negatif ou yo.Men kèk egzanp sou panse negatif:”Mwen pa ka fè sa”,”Mwen pral echwe,”Okenn moun pa vle tande m”.Panse sa yo pap edew nan anyen,yo pap edew gen konfyans nan tèt ou,eseye pouw toujou panse pozitif pouw ka kanpe devan nenpòt bagay la

2.Vire panse negatif ou an pozitif
Lèw idantidye panse negatif ou yo,fè anpil efò pou w vire yo pozitif.Pa egzanp ou kab fè deklarasyon pozitif tankou “mwen pral eseye”,”Mwen pral gen siksè si mwen eseye”oswa”moun yo pral koute m”.Eseye fè youn nan deklamasyon sa yo chak jou.

self-confidence-2036236_960_720

3.Rejte panse negatif yo,pou yo pa domine sak pozitif yo
Konsa panse pozitif ap pran tout plas nan sèvo w pandan wap konbat pesimis ak optimis,ap vin gen yon fasilite pou panse pozitif la pral plis natirèl.

images

4.Kenbe yon bon rezo sipò
Rete an kontak ak tout moun ki enpòtan nan lavi w,li te mèt zanmi fanmi pouw ka toujou gen yon panse positif,rete lwen moun ak bagay ki negatif,yon moun ou konsidere tankou zanmi w ka fèw mal espesyalman si lap kritike epi pale moun mal bò kotew,fanmiw tou ka vin negatif pou ou nan yon sans paske si yo pa janm kite opinyon w pase
Pran tanw pou fè yon ti reflechi pouw w panse ak tout moun ki fèw byen.

Ou dwe pase plis tan ak moun ki apiye w epi enspirew ki ka fèw santiw pi byen.