Benefis pwason pou kè

Si gen kèk fri sèk ak vejetal ki gen pwopriyete ki pwoteje kè a,men yo paka konpare ak pwason,yon moun ka jwi benefis pwason an plizyè jan,men se pa tout kalite pwason ki gen pwopriyete pou kè a,genyen ki ka baw pwoblèm sante li enpòtan pouw konn ki pwason w dwe manje.

Kle pwopriyete yo se nan Omega-3 ak asid gra.Lwil pwason sa yo ede kè a plizyè jan,li pwoteje atè yo,evite akimilasyon plakèt,ogmante nivo kolestewòl ki bon yo,diminye tansyon,evite atak kè ki ka pwodwi yon lanmò sibit.Se pa tout pwason ki gen bon lwil pou kè a paske yo gen yon nivo omega 3 ki ba.

salmon-518032_960_720

Pwason lanmè pi bon pase sak nan lak yo paske yo plis kontamine nan anviwònman an
Fwidmè pa bon pou kè,espesyalman kribich gen anpil grès ki ka bouche atè yo,krab,ekrefis rich nan zenk,se yon eleman nitritif ki nesesè pou sante an jeneral.

Tout bagay bon pou manje,depiw konn jan pou kosome l,pou evite malad