Konsèy pou kenbe fizik ou enpresyonan

Disiplim:kenbe yon gwo motivasyon,epi toujou swiv yon woutin sa se kle,pa gen repo,poutèt sa ou dwe stik
Toujou sonje objetif ou:Sa ap ede w kenbe konsantrasyon w epi travay di pouw ka rive nan objetif ou
Gen yon moun pou antrene:Se yon fason pouw ajoute yon konpetitizyon,si wap antrene ak yon moun ki gen menm fizik ak ou se yon jan pouw ankouraje l tou.

Repoze byen pouw ka gen yon bon pwofi,ou dwe kouche bonè epi leve bonè,espesyalman anvan yon jwèt si non apre sa ou pral fè tout tan ap pale li tap pi bon siw dòmi demen wa wè sak te pase a.Dòmi ede misk yo rekipere yo.
Yon chofaj kòrèk anpeche blesi:Anvan pouw antrene,fè yon ti kouri,detire ko a,fè bisiklèt.

Melanje woutin ou yo:Yon konbinezon egzèsis kadyovaskilè(egzanp kouri)leve pwa,pou garanti ke egzèsis yo fè efè nan tout kò a,nan menm tan an fòs ak andirans.

unnamed

Egzèsis entans:Yo enpòtan pou bonbe san ak ogmante vitalite ak andirans fizik.Fe anpil egzèsis Sprint lè wap chofe

Sesyon kadyo:se kle pou mete anfòm,li bon pouw fè sik pandan 30 minit epi ogmante nimewo a chak tan wap pifò,mete egzèsis sa nan woutin ou chak jou,ou ka fè yon sesyon abdominal lakay ou chak lew leve oubyen anvan wal dòmi,depiw fèl yon woutin lap vin abitye ak li.

Bon rejim alimantè:Yon bon antreman dwe konbine ak yon bon rejim alimantè tankou:anpil pwoteyin,kabon,fwi,vejetal,pwason,evite sik

Idratasyon:Fòk ou byen idtrate w,bwè dlo fondamantal epi evite alkòl

Manje regilye:Si wap antrene regilye,li enpòtan pouw kenbe nivo eneji w wo,manje jis ka 6 ti pla chak jou,pouw ka asirew bay bon randman nan sesyon yo,kote mizik nan moman egzèsis la,lap fèw antrene pi byen epi bay bon sèvis toujou tande”hip hop ak reggaeton.

Rilaks:Entreman ak sesyon fisik yo enpòtan,men mennen yon vi rilask ap ede w bay pi bon radman fizik ak mantal.Pase tan ak fanmi,zanmi,mennaj ap edew rilask epi ap fèw gen yon atitid pozitif.