Siy ki montre mari w pa atire ak ou ankò

Si moun nan pa sou ou,ak siy sa yo wap wè sa byen vit
Chanje konpòtman:Li pa trete w menm jan anko,se vre relasyon an evolye se pap menm jan tankou lè nou te fenk renmen paske vin gen lòt okipasyon,men gen siy kle ki ka pwouve w moun sa pa gen enterè nan ou menm ankò,pa mande w si sete yon moun ki renmen bay karès,afeksyon,pote atansyon sou ou.

Pataje tan ansanm:Pa janm gen tan pou ou,menm yon minit poun pale,li toujou gen yon bagay lap fè,chak tan ki pase distans lan ap vin plis,pa gen efò ki fèt pou evite sa.

Manke kominikasyon:Lè n ansanm,li difisil pou l kenbe yon kominikasyon ki enpòtan,nan ti tan pou nou pale li prefere ap gade televizyon oubyen al jwe ak zanmi l,ke pou l pale ak ou li prefere rete ap pale nan telefòn.
San plan:Lè mari w pa fè plan ak ou ankò se yon vye siy ki montre li pa gen anvi poul fè anyen ak ou ankò

Orevwa souri:Anva sa li te janti,ap bay anpil blag,kounyea nou pa janm ri ansanm,pa gen kout ri nan kay la ankò,li toujou fache,sa vin rann ou tris.

Relasyon seksyèl:Lè pou medam fè sa,yo toujou gen yon maltèt,gason an menm li di l estrèse kòz travay,,fatig,piske li gentan sòt jwi,lè l rive lakay li toujou fatige,li pa bay fi a menm karès la ankò.

Pi byen ak zanmi:Pa gen lòt kote moun sa santil byen ke lèl ak zanmi l,moun yo pa chita nan kay la ankò,depi telefòn sone se kouri ale ak zanmi.

Detay:Se pa tout gason ki renmen bay ti detay,si paw la te konsa epi l pa janm rakontew ankò se yon siy li pa vle w konn anyen nan vi l ankò,sil te konn baw sipriz tankou pote flè,pote manje nan kabann,al flannen ak ou,elatriye sa se siy kap montre w moun sa preske pa pou w ankò,oubyen li fache ak ou pou yon bagay ou fè,konsa tou gendwa gen yon lòt moun nan vil,sonje nou diw gason paka sere anyen konpòtman l vle di tout bagay