Valè fidelite nan maryaj

Nan tan sa eske valè fidelite a nan kris?

Jan nou wè tout moun kap divòse,yo poze anpil kesyon sou fidelite,sak fè gen tout divòs sa yo,yo konfonn fidelite ak sipòte,sipòte vle di pote yon bagay ki lou anpil ebyen fidelite a se yon bagay ki pi wo ke sa ki kreye chak moman nan vi a,li pwomèt ou kreye ak konpli yon pwomès pouw kreye yon fanmi ak yon moun sa mande anpil kapasite pou yon moun ka fidèl menm si sikonstans yo ta chanje men pou fidelite a rete nan menm nivo li ye a.
Yon moun ki fidèl sak enpòtan pou li se pa chanjman men reyalize sak ideyal la,chache viv byen ak moun li te chwazi

a.Fidelite se yon atitid kreyatif li gen yon gwo pèfeksyon.

Fidelite a nouri ak lanmou ak richès ki andan an koup la,fidelite ki bon an li boujonnen valè lanmou sak fè nou valorize valè ki pa andan an,nan sa fèn vin serye.Fidelite a fèn gen yon idantite pesonèl,enèji enteryè,diyite,onètete,amoni,bote.

 

 

Jounen jodia,pa gen respè pou anyen menm moun pa respekte pwòp tèt yo,nou panse sin bay fidelite yon ti kras valè li merite nan sal ye yo,nou panse gen anpil bagay ki pap fèt,paske fidelite ap toujou rete nan nivo valè li ye a