Jalouzi patnè w ap maltrete w?

Eske patnè w jalou?

Bat poun chache yon solisyon ansanm.Li pa bon pou yon moun ap pwovoke jalouzi nan yon relasyon,men anpil moun kwè ke jalouzi se siy lanmou,li enpòtan poun goumen pou san nou renmen si nou wè n pral pèdi l,men moun ki jalou a ap envante pawòl san prekosyon,anpil presyon nan kò lòt la sa pa nòmal,lap detwi relasyon an san rann li kont.

Patnè w ka jalou san l pa montrew sa ,li gendwa ap joure,fè bri, pale anpil,kèk bagay ki ka pwouve ke patnè w jalou se:

Li toujou ap kritike w
Li pa fèw konfyans
Li gen dout sou saw dil
Lap chache kontwole aktivite w
Li santi l nwi siw sòti pou kont ou oubyen ak zanmi
Li kritike w pou kèk rad ou mete
Li twouve w parèt twò bèl
Li fache siw pa rive nan lè w te dil la,lap poze kezyon pou l ka konn kote w te ye
Li toujou ap relew nan telefòn,menm sil konnen wap travay

Lèw revolte li diw
Mwen pè poum pa pèdi w,ou se tout pou mwen
Se ou kap pwovoke m
Map chanje bam yon titan
Sak pase mwen renmen w twòp
Mwen fè w konfyans,men mpa kwè nan lòt moun sa yo

Siw renmenm janm renmenw lan ou tap bay sa map diw yo valè
Mwen pa jalou se jis mpa renmen jan lòt moun yo ap trete w la
Ou se yon inosan,ou pa rann kont kisa konpòtman w ap pwovoke
Li bon se vre nan yon relasyon pou youn sansib pou lòt,men pa dwe gen twòp presyon ki ka lakòz anpil doulè demen,renmen yon moun ak konfye nan li ou pa bezwen anpil bagay,si moun nan fè yon bagay se li kap wont,jis kite l lib poul aji ak konsyans li.