Remèd natirèl pou janm anfle

Enflamasyon nan pye se yon sentòm ki bay moun malèz ki koze pa yon difikilte sikilasyon san,pwoblèm nan sistèm lenfatik la oswa retansyon likid.

1.Te grann seleri

Pwopriyeteseleri yo kont enflamasyon ki rann li itil nan tretman janm anfle,konpoze aktif li yo elimine likid nan tisi yo epi retapli sikilasyon san byen.

Engredyan

1 tas dlo
1 gwo kiyè grenn seleri chèch

Preparasyon

Mete tas dlo a bouyi,lèl mete kiyè grenn seleri a ladan,etenn dife a kouvril kitel repoze pou 10,15 minit,bwèl 3 fwa nan jounen an.

descarga (1)

2.Ji anana ak pèsi

Anana gen yon enzim depil fin antre nan òganis la,li kontribye nan redwi enflamasyon ak likid,pèsi a kontwole enflamasyon an janm nan epi redwi sansasyon lou a.

Engredyan

2 tranch anana
3 branch pèsi
1/2 vè dlo

Preparasyon

Koupe anana ak pèsi a,apre sa blende tout ansanm ak tas dlo a,bwèl chak maten anvanw manje

3. Ji chadèk ak seleri

Chadèk se yon asid ki pa gen anpil kalori konpoze l yo kontribye nan redwi enflamasyon,li bon pou amelyore sikilasyon san,se yon fri ki benefik nan tretman pou pye fatige.

Engredyan

5 chadèk
2 branch seleri

Preparasyon

Pran ji 5 chadèk sa yo,blende yo ak 2 branch sereli yo,bwèl menm kote a poul pa pèdi pwopriyete li yo fè sa chak maten anvan w manje.

smoothie-2243369_960_720