Atansyon ak sa wap mete sou Facebook yo

Pataje aktivite sou Facebook se pa yon move bagay siw fè pati de moun ki renmen di chak sa yap fè oubyen viv ak fanmi zanmi yo,pwoblèm nan se nan ki sans ou patajel,anvan tout bagay li tap bon pouw panse byen konsa wa evite bagay mal afekte w.

Ou ka panse pa gen moun ki twò enpòtan kap swiv ou,nan lòt peyi Facebook se yon rezo sosyal kote anpil Konpayi sou yo,pa gen anyen ki prive sou entènet la,menm si zanmi sou paj ou a pap ka wè,men gen yon lòt moun ki domine tout bagay sa yo.

Men jan yon moun paka sòt deyò al montre foto l ak moun li pa rekonèt se konsa rezo sosyal yo ye tou,ou pa rekonèt tout moun ki sou paj ou a,vi prive atiran tou.

unnamed (20)

Anpil moun itilize entènet pou afiche vi prive yo,chak sa yap fè,bay cho elatriye,men pa bliye konsa tou mem paj sa ka fèw jwenn yon travay,konsa tou ou ka pèdi chans ou pou vye Konpòtman ak vi ou gen sou paj ou a,gen moun se premye sa yo wè a ki konte pou yo.

Evite fè bagay kap swiv ou tout lavi w,toujou fè bon kòmante,konsa yon moun va wè ou pa nenpòt moun,ou te mèt pa renmen yon bagay sispann joure nan kòmante yo gen dè milye moun kap gade,toujou bat pouw di bagay ki positif kote lòt moun ka aprann de ou.

Pa janm bliye pèsonalite pa achte nan makèt ni nan mache,siw pèdi l pa gen kote wap jwenn li ankò anpil pridans ak sa wap mete sou rezo sosyal yo.

Saw vle fè pase lèw mete yon bagay sou Facebook la?