6 gwo benefis bètrav

Se pa sèlman nan salad pou nou jwi gou bètrav la,fòk nou konnen ki avantaj li pote pou amelyore sante nou.

Desann tansyon ateryèl:Sin bwè ji bètrav li ka ede tansyon ateryèl la desann nan kèk èdtan konsa,nan yon etid ki fèt yo wè ke yon vè ji betrav ka redwi tansyon ateryèl sistolik la jiska 5 ak 4 pwen.

Ranfòse andirans:Bètrav gen yon eleman nitritiv ladan ki pwoteje selil yo,pwoteyin,anzim estrès kont anviwònman,li ede konbat enflamasyon tou,pwoteje ògàn entèn,amelyore faktè risk vaskilè,amelyore pèfòmans,li evite anpil maladi kronik.

beet-1637437_960_720

 

Kont kansè:Eleman nitritif bètrav la genyen yo,yo bal yon koulè wouj,yo ka evite kansè pa egzanp envestigasyon yo montre ke yon mozo bètrav yo mete nan dlo potab redwi timè kap fòme nan diferan ògan bèt yo.Pandan sa yap itilizel kom tretman pou kansè nan pankreya,tete,pwostat nan moun.

 

Li rich nan eleman nitritif ak fib:Li gen anpil vitamin C ki aktive sistèm iminite a,fib ak mineral esansyèl tankou potasyòm ki bon pou nè ak fonsyon miskilè.Manganèz ki bon pou zo,fwa,ren ak pankreya,bètrav la gen vitamin B ki ede diminye riks defòmasyon nan tibebe.

 

Sipò pou dezentoksikasyon:Pigman ki bay bètrav la koulè a ede nan dezentoksikasyon,anjeneral bètrav la gen anpil valè paske li ede nan pirifikasyon san ak fwa a.

remolacha (2)

 

Gen moun ki pa renmen bètrav swa pou sant li oubyen pou goul men nap ankourajew kòmanse pwoteje santew ak vejetal natirèl paske preske tout sa yap pratike nan tan sa,se bagay kap fè nou malad,siw renmen lasante se bò bagay natirèl yo pouw rete.