5 rezon pou fini ak yon relasyon

Si sa a se ka pa w,li enpòtan pou w rete fèm nan desizyon yo ak fè sa w gen pou w fè a yon fwa,ou ka nan kouri siw pa pran bonè
Siw wè 5 bagay sa yo nan relasyon w lan,ou dwe fini ak sa yon fwa w wè bagay sa yo paka chanje

 

Vyolans, jalouzi ak manti:si diskisyon yo pran yon lòt nivèl,si nap di sak pa dwe di nou ta dwe kanpe tou swit ak relasyon sa paske nou dwe wè agresyon an rive twò lwen,ou paka mete vi w andanje,nou pa bezwen diw sil vyole konfyans ou ak baw manti.

 

Manipilatè,depan:si patnè w oblije w fè kèk bagay ou pa vle paske l sipliye w oubyen konvenk ou pouw fèl,pafwa moun nan ap domine w men ou pa janm rann kont piske li chwazi bon agiman poul fè sa,men tout bagay yo toujou sòti nan benefis li,pa gen yon relasyon kap fèt nan pè kap boujonnen.

couple-back-to-back-in-bed_pptwhr

 

San pwojè:Kenbe yon relasyon ak menm bagay yo yon jan raz,pa gen pwojè menm pou moun nan marye,fè pitit ak ou,tout base nan koutim,pa gen emosyon,santiman,pasyon,sèlman tan ap pase youn ap gad lòt nan je.

 

Egoyis:chak moun konn lè yo egoyis ni lè moun ap fèl tou ak yo,egoyis pap kite lanmou devlope,moun nan pa bay valè ak sa lòt la pale ni di,nan sans sa yon sèl moun ki vin parèt ap domine nan relasyon an,sa vin rann lòt la pa renmen moun ki anfas li a.

 

Manke lanmou:sa ki rive ak tan lanmou an chanje se pa menm chimi an ankò,sa ´pa vle di li pa konsidere w tankou moun jis santiman chanje,se moman pouw kite l ale,nou chak dwe ak yon moun ki renmen nou epi ki pa janm bouke renmen n,pa fè tèt nou mal nan yon bagay ki pap mache.