3 fraz sou lanmou enkondisyonèl

Lè w renmen yon moun san kondisyon,ou ka wè sa klè nan tout aspè li yo.Ou ka wè doulè l san jije epi ou kapab montre konpasyon paske ou konprann li nan yon jan pwofon.Eske pafwa ou santi sa pou yon moun?Eske w kwè ou pap janm rive konekte ak yon moun konsa?Chak moun gen yon istwa ak yon vizyon patikilye.Poutèt sa jodia nou vle pataje kèk ti fraz ak ou sou lanmou enkondisyonèl.

Li egziste nan nou chak
Lanmou enkondisyonèl egziste nan nou chak,li fè pati nan nou,se pa yon emosyon ki aktif,men gen yon jan pouw ye,se pa dim renmenw sèlman,se yon lanmou san rezon,se yon lanmou objè.Lanmou enkondisyonèl etranj anpil pa rapò ak sa lòt moun nan ap baw.Nou ka konpran santiman sa ale pi lwen pase yon relasyon damou.Ou ka santi yon lanmou enkondisyonèl pou paran w oubyen yon bon zanmi.Pandan wap viv,ou ka rankontre ak moun ki toujou la pou fanmi yo,konsa tou wap jwenn lòt ki kite lanmou sou kote,men gen moun ki pa bezwen konn kiyès ou ye,li trete w ak afeksyon,li fè w santi w vo yon bagay.

 

Ou fè pati lanmou enkondisyonèl
Dènye leson nou dwe aprann se lanmou enkondisyonèl,se pa sèlman lòt moun yo,men nou tou.Konbyen fwa w pini tèt ou kriyèl?Ou panse siw gen konpòtman sa wap viv mye ak lòt yo?nou kwè se yon bagay nou menm lòm dwe fokis sou li aprann renmen tèt ou nenpòt janw ye a,valorize saw ye,wè tèt ou tankou yon moun inik epi valab.

Yon kado: tan
Renmen yon moun enkondisyonèl pa vle di pouw bal tan w enkondisyonèl.Pafwa renmen vle di pigaw janm retounen wè moun sa ankò,sa tou se lanmou,si se konsa moun nan ka santi l byen san ou,se kite l ale.Eske w rete lwen yon moun ou renmen deja,pou pwòp byen l?desizyon sa a koute anpil tan ak valè paske nou toujou vle moun nou renmen an rete pre.

Nou espere fraz sa yo edew konpran sa koneksyon sa vle di siw poko janm santi lanmou sa a,nan ka ou te ekperimante yon lanmou enkondisyonèl,nou envite w reviv li.

uwtj1njyrpz1ljgqnzre