7 gwo benefis kowosòl pou kò a

Kowosòl pa selman gou,li gen anpil lòt benefis li pote pou ko a tou.Nan okasyon sa nou vle pataje ak ou plis bagay sou benefis li yo,konsa ou pap pe achtel lòt fwa wal nan mache.

1.Pwopriyete Nitrisyonèl
Kowosòl se sous vitamin C,eleman nitritif esansyèl pou ranfòse sistèm iminitè ak anpeche maladi.Anplis li genyen yon vitamin siyifikatif tankou(B1, B2, B3, B5, B6) fè,mayezyòm ak potasyòm elatriye tout bagay sa yo fèl vin kont kansè,dapre yon etid yo wè ke ekstrè fèy li yo gen yon aksyon efikas pou elimine selil kansè yo.

2.Pwoteje Sistèm Iminitè a
Sibstans ki gen nan kowosòl la ede ogmante reyaksyon iminitè nan kò,diminye repetisyon maladi danjre oswa enfeksyon,benefis sa nou jwenn li gras ak anpil vitamin C li genyen,li aji kòm yon antioksidan pwisan ki anpeche radikal nan anviwònman ki akselere pwosesis vyeyisman,chak 100 gram nan fri sa ka pote jiska 20 de 60 mg vitamin ke yon moun bezwen chak jou.

3.Pwoteje Fwa a
Yon konsomasyon regilye fri sa se yon jan pouw apiye fonksyon fwa,riches li nan antioksidan pemèt li netwaye fwa epi edel nan pwosesis dijestif grès la poul ka travay nan bon kondisyon.

a91c0e686fe7c10fc4ad9ca474da8630--el-cancer-thyroid-cancer

4.Pou swen zo ak anpeche maladi osteyopowoz
Bon fri sa se yon sous siyifikatif nan fosfò ak kalsyòm,mineral esansyèl pou bon sante zo a,yo konseye fi ki nan menopoz li,paske li ekselan pou pwoteje tèt ou kont pèt dansite yo soufri lè estwojèn nan diminye.

5.Pouvwa kont kansè
Nan plizyè okasyon yo jwenn kowosòl gen sibstans ak antioksidan ki aji pozitivman nan prevansyon,tretman divès kalite kansè.Ekstrè yo jwenn nan fèy li yo efikas nan ralanti kwasans selil 12 kansè diferan,ki gen ladan:

Trip
Tete
Pwostat
Nan poumon
Pankreya
Nan tan sa yo konsidere pwopriyete li yo dè milye fwa pi fò nan batay kont kansè konpare ak tretman kimyoterapi tradisyonèl yo epi pa gen okenn efè segondè ki lakòz domaj sou selil ansante yo.

6.Ogmante enèji
Ou pa menm bezwen al achte pwodwi chimik pou baw fòs,kowosòl reprezante yon sous enèji ki an sante,sa a se akòz siyifikatif friktoz li yo,ki se yon dous natirèl ki ka aktive kò a fizikman ak mantalman.

7.Pwoteje sistèm nève a
Gras ak gwoup vitamin B li yo,li bon pou amelyore sikilasyon san ak pwoteje nè yo.Vitamin B2 amelyore fonksyon sistèm nève a epi sipòte fonksyon kè a pou diminye chans pou maladi ladan.

Eskew te konnen kowosoòl te bon konsa pou sante?kòm nou pataje ak ou prensipal fonksyon li yo nou espere ou pa neglije manjel pi souvan.

descarga