Bliye siw te gen maltèt ak limonad sa

Jodi a ranje kòw pouw selebre solisyon nou pote ou,pouw ka soulaje viw,poutèt sa nou pral pataje ak ou yon resèt ki gou anpil epi fre,ki pral fè maltèt la ale kòmsi sete maji ou fè.

Cara-Menghilangkan-Stres-Dengan-Suplemen-Tambahan

 

Yon limonad lavand non sèlman li fre men wap kab pwofite de anpil benefis li genyen ki pou fèw geri yon sèl kou

Engredyan:
1/2 tas myèl
12 tas dlo
1 gout lwil lavand (ou ka itilizel chèch tou siw jwen, mete 2 kiyè)
Ji 6 sitwon

fotono.3ingredientes

Preparasyon:
Itilize lwil esans lavand
mete tout engredyan yo nan yon po,metel glase apre bwèl lèl fin byen glase
siw deside itilize fèy lwil lavand lan,mete engredyan yo bouyi nan yon chodye epi mete kèk branch ladan,aprel fin bouyi koulel epi kitel frèt pouw ka bwè.
Eskew te konnen lwil lavand lan gen plis pase 150 eleman ki aji kont enflamasyon,depresyon,bakteri,dezentoksikasyon se pou rezon sa ou dwe fèw santiw byen lèw gen maltèt pa rete ap soufri chache solisyon.

lavender-flowers-and-coconut-oil

Anplis li gen bon sant li gen kapasite poul renouvle enèji,kalme lèspwi,fèw gen yon bon sansasyon ak trankilite ou paka kite sa deryè sanw pa goutel.

Pwofite de benefis lwil lavand lan chak jou,rakonte nou siw te fè sa.