Manje byen poun ka evite maladi

Lèw manje byen se diminye kèk maladi kronik tankou;maladi nan kè,kanse,obesite ak dyabèt ki afekte anpil moun jodia,karakterisk maladi sa yo se lè yon moun chita li manje anpil diri,sereyal ak pen epi li manje mwens pwason,fwi,vejetal elatriye.

Manje yo rekòmande yo se
Vyann,pwason,ze,zwazo,vyann mèg(poul,kodenn san po,mouton,ren bèf,lapen,fwa ak pwason

3464320427_1ec09434a3_z

Sereyal,pòmdetè ak legim:Preske tout moun renmen sereyal entegral epi sa pral depan ki rejim chak moun ap fè,se pa tout moun ki renmen sereyal entegral.
Legim:Gen moun ki manjel kri,gen lòt ki pranl frikase oubyen bouyi
Fwi:Li ka nenpòt,sa pral depan de gou chak moun
Bwason:Dlo,ji natirèl san sik,

Grès:Lwil oliv,bè,fwi sek
lòt bagay ankò nou ka manje se konfiti,siwo myèl,sòs pou salad elatriye bat pou nou pa manje yo anpil jis pran yon ti kal nan chak.

unnamed1

Konsèy pou fè yon meni an sante
Manje bon kalite manje men pa kankite
Varye manje yo sitou fwi yo,pa manje yon sèl kalite chak jou
Respekte orè manje yo,pa sote youn ladan yo
Pa manje anpil lwil
Retire grès nan vyann yo,anvan nou kwit yo
Manje plis vyann mèg:poul,kodenn,lapen,pa pran vyann bèf chak jou
Evite manje pate chak jou
Manje pwason 4 fwa nan semèn nan
Bwè 2 vè ji natirèl chak jou pa bliye bwè sak gen asid yo tou tankou sitwon,soranj
Pran diri 2 jiska 3 mwa nan semèn nan
Evite manje ki gen anpil sik ak sèl
Bwè 4 jiska 6 vè dlo chak jou
Yo rekòmande moun sèvi ak lwil oliv men gen lòt lwil ankò ki pa tèlman mal kise mayi,pa janm mele lwil oliv la ak lòt pouw fè manje a
Divize manje a an 3(maten,midi,swa)