Etap senp pou netwaye anba bra

Dekouvri kòz yo la ak kijan ou ka rezoud li
Deyodoran ak pwodwi chimik,nan anpil ka yo gen sibstans ki tache po a,li ka yon konsekans si anban bra te mal raze,yon bon bagay ou ka fè pou blanchi anba bra se aplike kèk remèd natirèl san yo pa koute anpil kòb.Eske w ta renmen sa pouw fè?

Ekfolyan sitwon ak sik
Sitwon an gen yon aksyon blanchi pandan sik la ap ede retire selil mouri.Yon sèl bagay wap gen pou fè se mete yon kiye sik wouj nan yon tas ji sitwon epi naplikel anba bra,kite fè 15 minit apre sa rense epi seche po a.
Krèm pou blanchi anba bra
Ak engredyan natirel ki pa chè,ou ka fè pwòp krèm ou pou elimine tach nwa anba bra,nan ka sa wap melanje yon kiyè myèl,ji yon sitwon,2 kiyè avwan,fè yon pat ak engredyan yo apre pasel bra w kite l fè 10 minit.

20150112_1636192

Ji sitwon
Yon jan nou ka pwofite benefis blanchisman sitwon an se pase yon bout anba braw anvan w al dòmi,sitwon an ede netwaye po a byen,fòk anba bra pwòp pouw pasel kite fè 30 minit apre rensel.
Yogout ak franch avwàn

Tretman yogout ak avwàn sa gen yon pouvwa blanchi ak ekfolyan,ki ede redwi tach nwa anba bra,melanje yon kiye yogout natirèl ak 1/2 kiyè avwàn fwotel byen swa ak yon masaj sikilè anba bra,finalman,retire l ak dlo frèt.
Lwil kokoye
Ou ka pase lwil kokoye anban bra tou,li gen bon sant kap retire odè,anplis li gen vitamin E ak lòt pwopriyete idratan pou zòn sa