5 konsèy pou abiye byen

Saw pa konnen an seke medam sa yo gen 5 jan yo swiv pou yo abiye,jodia a nou pral diw yo

 

konnen
Li enpòtan anpil pouw konnen anvanw kòmanse chwazi rad pouw mete:chache konnen ki kalite kòw genyen,koulè po,zye ak cheve,ki koulè ki fèw byen,ki mak ou renmen,ki stil ou renmen abiye.Tout sa yo bon anpil pou konnen,pouw ka byen abiye.

 

Akseswa
Gen anpil bagay wap bezwen pou abiye:Soulye,foula,bijou,broch,zanno,epeng.Sa yo bon pou ka akyalize abiman li pral fè a epi metel alamòd ak yon senp detay san depans.Fòn pa twò ekzajere nan sa nap mete yo,pa plen kò nou bijou poun pa parèt mastok.

 

kreyatif
Mòd la lye anpil ak kreyativite,se poutèt sa li enpòtan poun kreyatif epi eseye ak konbine pou ka gen plis varyete nan stil ak menm kalite rad.Nou ka chache enspirasyon nan liv,entènèt,konsa tou nou ka pran yon tan poun gade kijan rad nou yo ye,kiyès ki ale ak lòt epi kisa ki pi ale.

 

Gen rad basik nan klozèt ou
Gen kèk rad ki pa janm pase mòd,yo sèvi pou nenpòt okasyon,nou toujou mete yo lè nou prese,rad basik yo ka varye tankou pantalon abako,jakèt,chemiz blan,soulye talon nwa,rad nwa,jip long,ou pap pa jwenn sa yo nan pandri yon moun.Li tap bon poun achte rad basik yo bon kote,epi bon twal konsa yap dire plis jou

 

Fòw konn kijan pouw achte
Sispan achte rad pou renmen oubyen pou bèl,kòmanse achte ak tèt nou,se poutèt sa fòw konn sak nan pandriw anvanw achte nenpòt bagay la,sa ap fè nou achte ak konsyans konsa na evite gaspiye kòb.

 

Ak 5 konsèy pouw abiye byen ou kap parèt bèl pou nenpòt okasyon an.