Kijan pouw retire tach ki parèt enposib?

Pandan nap manje nou ka sal rad nou ak grès oubyen yon lòt bagay,si rad la fenk tache ou gen dwa mete yon ti poud blan sou li,kitel chèch apre rensel ak dlo epi likid,si tach la chèch mete rad la tranpe nan dlo vinèg pandan tout nwit lan apre lave kote ki gen tach la ak savon.
Kafe se youn nan pi gwo lènmi rad nou,melanje alkòl ak vinèg blan metel kote ki gen tach la,jòn ze tou retire tach nan rad,li efikas nan rad blan sitou twal lenn.

Chokola se lènmi pou moun kap lave rad timoun,lèw jwenn tach chokola nan rad timoun se annik aplike dlo bikabonat kote ki gen tach la,si se yon tach ki la depi lontan metel tranpe nan dlo cho ak savon tou.
Si fa rete nan rad ou,ou ka pase lakrè blan,vaslin,pwoblèm nan prale,lè se lòt kalite makiyaj ou ka aplike likid yo lave asyèt sou li,lavel ak chanpou oubyen mouye nan dlo sitwon pandan 1 èdtan wap wè jan tach la prale.

 

Lè wap mèt koulè nan chevew,si koulè a ta tonbe yon kote ou pat vle gen plisyè solisyon pou sa,si se yon koulè ki fèt ak baz dlo li aplike chanpou koulè a sou li,lèl fin chèch mete”Spray” yo sèvi nan twalèt la sou li wap libere ak tach sa pou toujou.

Kitèks toujou vle rèt nan rad nou tou,ou ka eseye retirel ak lwil oliv,aplikel sèlman kote ki gen tach la,toujou eseyel anvan nan pwent rad la pouw wè sil pap gatel.
Nou espere ti konsèy sa yo itil nou