Kesyon tout fanm ansent toujou ap poze

Eksperyans fanmi ak zanmi, opinyon sou entènèt ak sansasyon pèsonèl melanje ak anpil santiman.Ki kesyon basik yon fanm ansent poze obstetrisyen l.

1. Eske mwen ka fè aktivite fizik?
Egzesis la bon pou sante fizik,sikolojik ak emosyonel pandan gwoses la ,mouvman yo ap amelyore sikilasyon san an,ap gen mwens konplikasyon kadyovaskilè.Lide a se fe aktivte fizik souvan,fe ti mache,ayewobik pa leve bagay ki lou.

2. Mwen kapab bwè alkòl?
Alkol konsidere yon toksik pandan gwoses,li ka pwodwi alterasyon nan ogan ak sistèm nève tibebe a.Pa gen yon nivo alkol yon moun ka pran nan moman gwoses,se evite bwe l net.

3. Sa map genyen sim mete koule nan chevem?
Pwdwi bote yo se plis koule,ak pemanant yon moun konn anvi mete nan moman gwoses la,tout gen pwodwi chimik landan yo,po tet la ap absobe yo,men pa anpil,epi li difisil pou l travese plasenta pou fe tibebe a mal,men yo plis konsidere si yon moun ap mete koule poul achte sak vejetal ak sap pa gen amonyak.

4. Eske ekografi danjere
Ekografi pa danjere,se yon metod ki pa gen risk pou fanm ki ansent ni pou tibebe a,se yon bon metod pou evalyasyon ti bebe a.Gen moun ki di li gen risk ladan,men sa e yon mit.

5. Konbyen mwen dwe pese?
Li posib pou yon fanm ansent rete menm gwose a nan premye mwa yo,apre sa li ka monte plis ke yon kilo nan yon mwa,ogmatasyon kilo a depan de chak gwoses.

 

 

6. Mwen ka bwe kafe,te,kola?
Nou jwenn kafeyin natirèlman nan manje tankou kafe, te,kola,chokola ak kèk bwason enèjisan.Nou ka jwenn yo nan kek remed pou grip oubyen kont grip,li ´ppa bon pou w sispann bwe tout bagay sa yo,selsa yon moun ki ansent dwe limite kantite yap bwe yo,eseye bwe ji ntirel,dlo evite kola.

7. Mwen kapab vwayaje nan machin?
Ou ka vwayaje ak kondwi pandan gwosès la,men kek konsey kap ede w
Toujou pase sentiwon,kwaze l yon jan poul pa pese vant lan
Si vwayaj la long repoze chak 2 edtan,epi fe ti mache
Bwe likid,idrate w

8. Mwen ka monte avyon?
Apre 35 semen,konpayi avyon an mande sètifika,men nan tan sa gen kabin pou fi ansent

9. Mwen ka fe seks?
Fe seks nan moman gwoses se yon bagay ki asire,depi moun nan pa gen pwoblem,depi ti bebe a ansante pa gen rezon pouw pa fe seks ak mari w.

10. Se yon bagay nòmal pou men m ak ponyèt mwen ap fè m mal?
Wi li nomal nan denye mwa yo,paske gen anpil dlo ki akimile nan ponyet la,ven nan vin pese epi li pwodwi doule a,apre akouchman dlo a prale.Sentòm yo se pikotman,pèdi sansasyon,feblès ak doulè nan dwèt gwo pous la, men, detanzantan nan bra a.
Malez sa ka amelyore ak ti konsey sa yo
Evite fe aktivite ki ka koz sentom sa yo,repoze anpil
Mete yon bann aswe nan ponyet la
Fe egzesis pou detire ak rann misk men ak bra fo
Chache kijan pouw pwoteje menm w pandan wap fe travay
Pa manje anpil sel,pou twop likid pa akimile

11. Poukisa mwen pipi plis kounye a?
Ogmantasyon likid nan oganis lan,kanal ki kondwi pipi a depi nan ren an pou rive nan nan blad pipi dilate koz presyon matris la fe sou li a