Sentòm yon chat ki deprime

Yon sentòm ki fasil pou detekte nan chat se lèl pèdi apeti ak lèl pa vle jwe ak mèt li,men gen lòt sentòm ki reflete tristès nan yon chat,sak enpòtan se fè atansyon epi jwenn kòz yo,pou w ka ede bèt la refè sante emosyonèl li.ou dwe konnen malgre karaktè tris li,li difisil pouw konnen sil tris oubyen deprime.

kèk sentòm ki pi komen nan depresyon yon chat
– Mank aktivite fizik
– Konpòtman pè
– Chanjman sibit nan karaktè
– Dòmi anpil
– Repiyans pou tout bagay
– Pa anvi jwe
– Manke apeti

Siw detekte kèk nan siy sa yo nan chat ou a,se yon jan ki pwouve li nan tristès oubyen depresyon,presans siy sa yo ka yon avètisman
pou kèk maladi,poutèt sa siw remake yon bagay ki pa nòmal nan li kouri al kay veterinè,yon espesyalis se li kap pi edew konpran si se yon depresyon oubyen lòt pwoblèm sante.
Plizyè bagay ka pwovoke depresyon nan chat,anplis li enpòtan pouw detekte rezon pwoblèm emosyonèl sa,panse ki chanjman ou te fè ki fèl vin konsa.