Gato maryaj ki pa vle pase mòd

Tradisyon sa evolye chak tan ki pase ,sa pral depan sa kap mennen,mòd la tranfome gato maryaj,menm si gen kèk gato ki vin pou rete paske yo pa janm pase mòd,pa retire je w sou gato sa yo,si wap prepare w pou yon moman espesyal.

Gato blan
Tout dekorasyon an se blan,li toujou rete yon bèl gato ki atire atansyon
Gato koutim
Sa rete nan gou moun kap marye yo,li ka gen fwi oubyen lòt bagay,sa toujou yon gato espesyal
Gato flè
Sa pa enpòtan kantite flè gato a genyen,yo pa janm pase mòd paske gen moun ki fou pou dekorasyon gato ak flè sèlman

Gato senp
Gato senp ki pa gen anpil etaj ak detay,sa se pou moun ki pa renmen bagay konplike
Gato ak dekorasyon natirèl
Se plis pou maryaj bò lanmè,ak menm koule flè fi a,yo plis itilize l nan maryaj lajounen,li parèt fre epi elegan
Gato anpil etaj

Gen moun ki renmen l pou wote l ak paske l konplike,se yon pati ki enpòtan nan dekorasyon an,li rale atansyon envite yo
Gato ki dekore ak fwi
Dekorasyon gato ak fwi nan maryaj fenk alamòd,chak tan kap pase wap wèl pis