konsèy pou manman ki strese

Estrès pou tèt li pa negatif.Ekspè yo di sak enpòtan se gen yon nivo estrès ki enèrjik,ki pap fèw mal sak relasyon ak minimòm tolerans chak moun”pou rive nan ekilib sa manman ak papa soufri anpil nan aprann kijan pou yo trete pitit yo,travay pou sa pa afekte ralasyon yo”.

 

Sa nap bezwen fè?
Timoun yo gen anpil kapasite pou pran atitid paran yo,Se poutèt sa li rekòmande pou granmoun yo yon modèl nan konpòtman yo nan kay la,kap pi fasil pou gen yon bon relasyon ak timoun nan,kontribye nan estabilite emosyonèl fanmi an.

 

Paran ap bezwen pou adapte yo ak fason timoun nan,planifye aktivite depann sou laj ak devlopmanl,okipe de sante,nitrisyon,ijyèn,swen … ak lòt abitid wap rankontre chak jou nan li.

 

Ti tan nou gen pou pase avèl la,dwe ak anpil lanmou,pa panse ak travay ni ak mari jis ak timoun nan ou paka fè plizyè bagay ansanm ki pral fèw santiw byen,jere tan nap pase ansanm nan,fè li yon bon jan kalite tan pou kwasans,ou dwe prezan nan chak bagay wap fè jis bat pouw pa melanje yo,pwofite chak tan.

 

Li enpòtan pou paran yo rekonèt moman difisil timoun yo ap pase ki fè pati nan devlopman yo.Nan sa yap entèprete,sa fè pati de eksperyans yo chak jou,se laj yo pou yo pozew anpil kesyon se ou ki pou abitye ak yo pa fè tèt cho paske depi yo poko pase laj la pap janm gen chanjman.

 

Chache lekòl ki pi pre,ou paka gen yon timoun piti pouw voyel lekòl byen lwen,lè gen pwoblèm tèt ou ap cho tankou vè lanp,epi ou pap nan bezwen kouri lèw sòt travay pou al chachel tout sa se mwens estrès yo ye.

 

Jwi pwogrè pitit ou chak jou,jan lap grandi,kesyon lap pozew yo elatriye,ti tan ou gen pouw pase ak timoun nan fèl yon tan lò sanw pa panse ak anyen,konsa wap fè tèt ou byen tou chak bagay gentan yo jan yo konn di a.