Kèk bagay enkyetid pwodwi nan kò ou,sanw pa rann kont

Gen anpil bagay ki ka fè yon moun enkyete,men fòn chache jere sa paske li pwodwi doulè tou

1.Difikilte pou vale
Difikilte poun vale oubyen manje lè wap manje,sentòm sa koman anpil lè yon moun ap viv yon peryòd enkyetid.Objektif prensipal kò a,se konsève pou pwoteje misk.Si pa gen saliv nan bouch la kòz enkyetid lap difisil pou manje a mastike nou pa bezwen diw pou vale.

 

2.Maltèt
Enkyetid fè tout venn ak atè nan kò a kontraye,lap bay plis san nan misk yo,mòd maltèt sa yo toujou parèt byen bonè nan maten ak nan apre midi.

 

3.Doulè machwè
Gen kote nan kò sentòm enkyetid ak estrès kache plis tankou:kou,zepòl ak machwè.Siw santi ou gen yon gwo doulè nan machwè w epi li rive bò zòrèy,li ap bon pouw konsilte yon dòkte,pouw wè si se pa yon estrès nan machwè.

 

4.Ale nan twalèt souvan akòz Enkyetid
Li bon pou moun al twalèt souvan,men gen yon jan ou wèw prale fòw gade pouw wè sak kòz sa,lè se enkkyetid ki fè sa,ren an ap pwodwi mwens pipi,men sèvo a òdone kanmen pouw ale nan twalèt,li te mèt pou fè”kèk gout”.