Aprann kontwole jalouzi w

Epis sa pa dwe depase nivo tolerans ak nomal la paske relasyon an ap rive dechivre chak tan ki pase.Li enpotan pou yon moun aprann kontwole,simonte ak viv ak pwop ensekirite l san l pa bay lot la pwoblem pou anyen,men kijan?nan atik sa nou gen kek konsey pou konn kijan pou w kontwole jalouzi w.Pran not.

Rezone
Anvan yon atak jalouzi,anvan w ekplote nan yon lanme akizasyon ak repwoch pran yon tan pou w panse ak reponn kek kesyon,chache konnen poukis aou snati tout jalouzi sa,ou te viv yon sitiyasyon konsa anvan sa? mwen santi sa se paske se konsa mte santim lem te twonpe yon lot moun?se yon bagay mte viv nan pase oubyen pou yon bagay patne m te di oubyen fe?

Kek repons ap eklesi rezon jalouzi a,wap gen yon lide sou sa kap fet la,pou jwenn yon nouvo wout ak sitiyasyon sa a evite konklizyon sevè.

 

2. Piga imajinasyon w konsome w
Yon sitiyasyon ki pa paret kle sou patne w ka fe w panse ak anpil bagay ,men premye sa kap monte a se “enfidelite” paske wap travay anpil tan,pafw aou rele li pa reponn telefon nan,le yon panse enfidelite monte nan lespri w jalouzi a komanse ,men pou sa pa pase ou ka fe 2 bagay chache we bagay yo yon lot jan,panse ak lot bagay pou distre w jiskaske patne w ka baw yon repons de sitiyasyon ki prezante a pou emosyon w pa gouvene imajinasyon.

3.Pa konpare
Yon lot bagay anko ki ka few santi jalouzi pou patne w se lel gen yon kapasite w pa genyen,pou anplis ou sispek li nan yon bagay hum se zen.
Kapasite yon moun genyen pa dwe enteresew,sak enpotan seke li chwazi w se ak ou li deside viv,ou dwe kwe yon ti kal anplis nan ou

4.Ekplike l jalouzi w
Anpil moun santi yo wont pou ekprime jalouzi yo anfas yon lot moun,men li enpotan pou patne w konnen kijanw santiw le yon sitiyasyon prezante,tout bagay se kominikasyon,depi l renmen w ou dil ou pa renmen yon bagay nou rete kwe li ap evite fel poul pa few santi w mal.Ou ka di mpoko janm pase tan ak moun sa pou pa gen yon konfwontasyon,li tap bon tou pou w fel zanmi ak konpayon travay ou,konsa la we ki stil relasyon ou gen ak moun sa.

5.Aprann konfye nan patne w
Se yon bagay ki difisil epi enpotan pou simonte jalouzi,sispann analize chaak bagay patne w fe,komanse genyen l plis konfyans