Kesyon w ta dwe poze anvan maryaj

Kòmanse yon relasyon toujou bay estrès imajine w maryaj ki se yon gwo angajman,se yon gwo desizyon pou yon moun pran.Konsa w ka poze anpil kesyon sou sa,eske se moun sa ki paw la?
Pandan renmen an,nou pale pou nou toujou ansanm,men kisa nou chak vle vre?gen bagay ou dwe konnen sou patnè w,se pa pouw fè l santil mal,men pou w ka konn moun nan pi byen,konsa relasyon an ap mache pi byen.

Nou ap kite yon lis kesyon la pou w
Ou mande l sil alez ak paran w?
Relasyon sa yo pafwa pa konn tèlman anfòm,men ak respè tout bagay ap byen,menm si sa ta rive pa gen sansasyon pou pran moun nan,respè a se yon bagay ou pa dwe janm manke yo.

 

Eske ou pral chanje kouchèt?
Nan yon relasyon,siw konte gen pitit,fòk nou pale sou tout bagay sa yo,kesyon sa senp,men li enpòtan,se pa tout moun ki renmen fè jan de bagay sa yo,anplis li pa tèlman bèl lè yon sèl moun ap fèl tou.
Ansyen mennaj yo ap afekte oubyen ede relasyon nou a?
Yon moun ki mal,oubyen fini ak relasyon an mal,gendwa yon pesekisyon pou maryaj la,si koup la kite presyon sa aji sou yo ka menm gen divòs.

Kijan nap òganize ak lajan?Ki moun kap gen pou peye sa epi poukisa.Sak enpòtan se kontwole sa chak moun ap antre epi fè yon bon akò,si nou tou 2 ap travay,nou tou 2 ap gen pou peye.

Ki enpòtans sèks ap genyen?
Si nan vi mennaj la ou pa renmen sèks,gen yon bagay ki mal,chita poun pale sou sa,ekplike san renmen ak san pa renmen,ekperyans nou ta renmen fè.

Kisa w renmen sou mwen?
Konnen sa lòt moun nan renmen nan ou enpòtan,atitid, atansyon, je, bouch, konpayi, kisa li plis jwi sou ou?

Kijan w wè w nan 10 lane ak li?

Kesyon sa enpòtan paske lavi ka separe nou,sitou sa fèt souvan nan peyi nou,youn nan paran yo nan yon peyi ak oubyen san timoun yo epi lòt la nan yon lòt peyi pou kont li,nan mitan distans sa se pa tout moun ki kenbe,siw gen pwoje vwayaje reflechi anvan w marye pou relasyon an pa vire mal,gade si nou tou 2 ap kap sipòte relasyon long distans.

Siw santiw pre pou marye,chache jwenn repons sa yo anvan nenpòt bagay la.