Manje pou kontwole kolestewòl

Yon rejim alimantè ki an sante ki pa gen anpil grès se yon bagay nou ta dwe konsidere paske pran yon liv anplis pa tèlman bon,menm si nou gen tandans lè nou gwo moun pap konn afè nou,men panse ak santew anvan tout bagay,gen moun kap bwè konprime pou gwosi san l pa rann kont si se vil lap mete an danje.

Jodia nou kite 5 manje sa yo kap edew kontwole kolestewòl,anpeche risk maladi kadyovaskilè ak lòt bagay ankò.

Avwàn ak sereyal
Manje avwàn ak sereyal gen anpil benefis pou sante,se manje ki rich nan fib ki pa gen anpil grès kap baw anpil eneji pou kòmanse jounen an kap kenbe w tou pouw pa manje lòt bagay.Ou ka manje yo ak lèt,yogout ak fwi,ou ka fè labouyi ak bonbon avwan ou ka menm pase poul,pwason ladan.

Legim
Nan kèk lòt peyi moun yo plis manje legim nan zezon fredi yo gen pwoteyin ak mineral ak yon sous elemana nitritf sak redwi tansyon ak nivo kolestewòl ki pa bon nan san,eseye manjel 2 fwa nan semèn nan,ou ka prepare l diferan tankou soup,frikase,salad elatriye,nan ka soup la,ou ka rache tout saw konn fè legim nan epi ou frikase bè ak ti laj apre ou mete yo ak yon ti dlo nan 5 minit ou gen soup ou pa bliye se pou sante w.

unnamed (4)

Fwi sèk
Yo gen anpil vitamin,mineral,asid gra ki gen omega 3 ki kenbe ke nou ansante ak nivo kolestewòl nan san an,ak nivo kalori li genyen an li pa rekòmande pou n manje anpil chak jou ke yon ponyen,kèk nan yo se:nwa,zanmann,pistach,elatriye.

dried-fruit-700015_1920

Pwason ble
Asid gra omega 3 sa yo ede diminye trigliserid nan san an epi kenbe nivo kolestewòl la nòmal.Eseye konsome l yon fwa nan semèn nan bouyi oswa griye.

Fwi ak vejetal
Fwi ak legim yo pa gen anpil grès epi yo rich nan fib,vitamin ak eleman nitritif.Òganizasyon Mondyal Lasante rekòmande pou pran

senk pòsyon fwi ak legim chak jou,pou manje yon manje ki ansante konsome fwi,ou paka ap viv ou pa janm manje bagay sa yo ki kote wap jwenn lòt vitamin ou manke yo,anpil fwa nou malad gendwa se bagay sa yo nou manke manje,gen anpil avantaj ladan yo tankou:ede tansyon rete nòmal,diminye risk pou soufri maladi kè,anpeche maladi tankou rim sèvo,epi diminye nivo kolestewòl.

Ou ka manje yo nenpòt jan tankou fè ji,melanje vejetal yo ak lòt bagay.
Pa evite manje sa kap bon pou vi w,nou espere ti konsey sa yo itil yo.

2010-10-15-02-26-40_848vegetables