resèt pou savon sitwon

Gen anpil resèt men jodia nou vin ak sitwon an,paske li bon anpil pou tach ak figi gra,sitwon pa sèlman bay vyann gou li bon tou pou po,resèt sa ap edew anpil siw se youn nan moun ki gen tach oubyen figiw toujou ap fè grès.

Engredyan:
Youn bout savon gliserin
Esans sitwon
Po sitwon graje

alternative-906136_960_720

Preparasyon:
graje savon gliserin nan,metel sou dife nan yon kaswòl ak yon ti dife tou ba,kitel fonn,lèw wèl tounen likid etèn dife a,apre mete gout esans sitwon an ladan,brazel jiskaske li melanje,mete po sitwon ou te graje a ladan anvan li fin di,metel nan yon bagay pouw bal fòm li ka yon bwat savon nenpòt sa ou wè kap bon pou ou a.

Ou wè janl fasil ebyen eseyel pouw wè,apre wa di nou kijan sa pase pouw.