Kijan pouw geri yon chat ki blese?

Si blese a pa grav ak sa nou pral diw yo la,nou rete kwe wap kap trete chat la.Siw wèl grav ou pa menm bezwen panse sou sa se kouri mennenl kay yon veterinè,ou pa bezwen al pran chans pouw tretel pouw pa vin bal yon enfeksyon,yon blese ki pa netwaye byen ka bay yon enfeksyon nan 10 jiska 24 èdtan ki ka konplike sante chat la.

Netwaye blese a:Premye sa poun fè se netwaye zon ki gen blese a,bat pou pa gen anyen sal ki rete,meyè fason pouw netwaye blese a se koupe plim kote li gen blese a,apre kòmanse netwaye ak seròm pouw ka elimine nenpòt salte kita rete,itilize yon gan pouw retire po sèk ak rès san ki rete.

a_61347480274

 

Desenfenkte blesi a:Pou sa nap dilye yòd nan dlo epi mouye gan avèl,ou ka itilize nenpòt yòd la men pa bliye metel nan dlo.

Netwayaj ak desenfenktan dwe fèt chak jou pandan yon semen sa depan veterine a di tou,gen yon jan ou ka fèl geri pi vit siw itilize pomad pou l ka fe sikatriz la pi rapid,pase pomad la ak gan byen swa poul pa fèl mal,toujou fè sa lèw fin desenfekte l.

 

Pa janm kite chat la rive nan zon kote li blese a paske li pral nichel ak lang li paske nou konnen chat tout ap netwaye kòl poutèt sa wap achte yon stil kolye yo fè sa pou sa menm poul ka pa rive niche blese a.

sadie-with-elizabethan-collar

Pa neglije pran swen bèt yo paske nenpot maladi yo genyen sa ka rive ou pranl tou sa pral depan ki maladi a,imajinew wap jwe ak bèt la ou pa janm mennenl kay veterine oubyen gade sil malad oubyen sil blese.

Nou ta renmen ou din ak kisa ou geri blese chat ou a?