Benefis pòmdetè pou sante

Apre diri,mayi,ble,pòmdetè se katriyèm manje moun manje nan mond lan,se yon manje yo itilize nan plizyè pla,anplis li gou,li fasil pou kwit,li nitritif anpil.
Kontinye li,wap jwenn kèk benefis pòmdetè pou sante.

Li ede pèdi pwa
Pòmdetè gen kabòn ak eleman nitritif.Li se yon bon chwa pou rejim alimantè,li pa gen anpil sik,li ka fè w santiw plen pou yon bon titan.

Soulaje estrès
Pòmdetè rich nan vitamin B6,se yon sibstans ki nesesè pou renouvle selil,yon sistèm nève an sante ak yon kò ekilibre.

11

Diminye enflamasyon
Si w soufri enflamasyon kwonik entèn oswa ekstèn,pòmdetè gen anpil avantaj pou maladi sa.
Amelyore fonksyon sèvo a

Gran kantite kwiv ak fè ranfòse aktivite nan sèvo,kwit pomedete anban fou ak tout po san sèl,ka amelyore memwa.Manganèz,potasyòm,vitamin B6 ak C chak rekonèt pou fonksyon yo nan sèvo a
Soulaje pyè nan ren

Moun ki soufri pyè nan ren ka jwenn anpil benefis adisyonèl sil kale po pòmdetè poul bwè,kòm li rich nan eleman nitritif tankou kwiv,Manganèz,potasyòm ak vitamin B.