5 konsèy pou pwoteje po nan epòk chalè

Li enpotan pou yon moun konnen anpil bagay pou l ka anpeche bouton parèt nan visaj li.Chalè,chanjman tanperati,imidite,li posib pou po a kòmanse ap chanje,vin gen yon koulè pi fonse,san vi.Ekposisyon nan solèy responsab anpil ak tach kap parèt nan figi,se poutèt sa nou dwe konn kèk responsabilite nou menm pou evite bagay sa yo.

Idrate
Toujou pase krèm idratan chak jou,poul ka rekipere imidite po a pèdi,sèvi ak sak gen gliserin,anplis pa bliye bwè 2 lit dlo nan jounen an pouw ka idrate po a depi andan.

Ekspozisyon nan solèy
Reyon iltravyolè ogmante ant 10 nan maten ak 4 nan apremidi,se moman sa yo pou moun pa rete nan solèy,menm sil ta gen krèm solèy sou li.

woman-422706_960_720

klowòks
Li ka kite figi ak kò a sèk,li enpòtan aprew fin benyen pouw itilize yon jèl idratan kap pèmèt ou rekipere elastisite po a,anplis yon krèm idratan pou po ak figi lèw fin siye.

Dòmi
Selil yo pwodwi ak reprann fòs yo lè wap dòmi,se poutèt sa li enpòtan pou w dòmi 8 èdtan chak jou,pou ka ede ak kenbe po yo nan bon eta.

Abiye
Evite mete rad ak soulye ki gen materyèl kap kenbe mikwòb,yon chanm imid,bagay ki ka blese w oubyen baw alèji

Siw swiv ti konsèy sa yo,ete sa pap pase menm jan ak ane pase.